Zantray

Li mouri
Ou kwè se vre
Tande yo
Yap pale de li
yap di Jan l te bon
Yap di Jan yo tris pou mwen
Li mouri
Mwen paka pale
Si m pale map fè lèd
Si m pale m ka kwè
Yo la
Yo rasanble
Yo tankou koulèv
Yo ap banm pawòl
Yo vin Potem sekou
Mwen pa pran pawòl Tafya
Yo ta vle mwen rele anmwey
Men mwen prefere Toufe
Si mwen rele souf mwen ap etenn
Si mwen rele se labim kap reponn mwen
Li mouri
Mwen pèdi poto Mitan mwen
Mwen pèdi mond mwen
Bagay yo vire na men mwen
Tout myèl seche nan lavi mwen
Li mouri
Dlo nan gem pap janm seche
Lavi a ale ak ni sak ni chat
Lavi a ale ak ni relem ni reponn mwen
Mwen nan yon foul map mache poukont mwen
Mwen pa Konn koumnan m touye vè nan vant mwen
Se chak koukouy klere pou ge w
Yo di dènye se la richès
mwen di dènye se la mizè
Sèl Segnè a mwen rete
Li pap la pou Kanpe dèyèm
Li pap la pou banm kouraj
Li pap la pou banm ti monnen
Li pap la pou banm konfyans
Li mouri
Ou kwè se vre li pap janm la ankò
Li pap la pou li siye dlo nan gem
Li pap la pou konbat ak mal palan yo pou mwen
Li mouri
mwen pa kwè se vre
Banm chante pito
Ma nwaye chagrin m
🎶si manman m te la🎶
🎶si manman m te la🎶
🎶si manman m te la🎶

PC 2017

Comments

Popular posts from this blog

Banm di ou

Indépendance personnelle

Evolution ou Devalorisation