TONNÈ KRAZEM



    • TONNÈ KRAZEM

      Se tandem mtande mdepafini
      Men se konnen yo pa konnen kijanm soufri
      Panyol je ble vin manje
      Peyi Lafrans byen souse
      America fin kraze
      Pitit pam voyem jete
      Bonjou manman bonjou papa 
       Tonnè krazem sa son doulè

      Se tande mtande mpa gen kilti
      Men se konnen yo pa konnen sa pou yo di
      Bon tanbou kap frape
      Konpa direk kap woule
      Soup joumou sou dife
      Tim tim bwa chech kap tire
      Bonjou marenn bonjou parenn
      Tonnè krazem sa se yon rèv

        Se tande mtande mpa gen peyi
      Men se konnen yo pa konnen kotem soti
      Ti kriket kap chante
      Lawouze kap tonbe
      Kafe cho kap koule
      Machann pen kap pase
      Bonjou kòmè bonjou konpè
      Tonnè krazem se sak bonè

      Jose Winnie Gaspard

Comments

  1. j'adore ton texte ma cherie tres originale bcp en peu de mot.

    ReplyDelete

Post a Comment

Popular posts from this blog

Banm di ou

Indépendance personnelle

Evolution ou Devalorisation