Posts

Showing posts from November, 2017

Zantray

Li mouri Ou kwè se vre Tande yo Yap pale de li yap di Jan l te bon Yap di Jan yo tris pou mwen Li mouri Mwen paka pale Si m pale map fè lèd Si m pale m ka kwè Yo la Yo rasanble Yo tankou koulèv Yo ap banm pawòl Yo vin Potem sekou Mwen pa pran pawòl Tafya Yo ta vle mwen rele anmwey Men mwen prefere Toufe Si mwen rele souf mwen ap etenn Si mwen rele se labim kap reponn mwen Li mouri Mwen pèdi poto Mitan mwen Mwen pèdi mond mwen Bagay yo vire na men mwen Tout myèl seche nan lavi mwen Li mouri Dlo nan gem pap janm seche Lavi a ale ak ni sak ni chat Lavi a ale ak ni relem ni reponn mwen Mwen nan yon foul map mache poukont mwen Mwen pa Konn koumnan m touye vè nan vant mwen Se chak koukouy klere pou ge w Yo di dènye se la richès mwen di dènye se la mizè Sèl Segnè a mwen rete Li pap la pou Kanpe dèyèm Li pap la pou banm kouraj Li pap la pou banm ti monnen Li pap ...
Li mouri  Ou kwè se vre  Tande yo  Yap pale de li  yap di Jan l te bon  Yap di Jan yo tris pou mwen  Li mouri  Mwen paka pale  Si m pale map fè lèd  Si m pale m ka kwè  Yo la  Yo rasanble  Yo tankou koulèv  Yo ap banm pawòl  Yo vin Potem sekou  Mwen pa pran pawòl Tafya   Yo ta vle mwen rele anmwey  Men mwen prefere Toufe  Si mwen rele souf mwen ap etenn  Si mwen rele se labim kap reponn mwen  Li mouri  Mwen pèdi poto Mitan mwen Mwen pèdi mond mwen  Bagay yo vire na men mwen  Tout myèl seche nan lavi mwen Li mouri  Dlo nan gem pap janm seche  Lavi a ale ak ni sak ni chat  Lavi a ale ak ni relem ni reponn mwen  Mwen nan yon foul map mache poukont mwen  Mwen pa Konn koumnan m touye vè nan vant mwen  Se chak koukouy klere pou ge w  Yo di dènye se la richès  mwen di d...