Posts

Showing posts from September, 2012

TONNÈ KRAZEM

TONNÈ KRAZEM Se tandem mtande mdepafini Men se konnen yo pa konnen kijanm soufri Panyol je ble vin manje Peyi Lafrans byen souse America fin kraze Pitit pam voyem jete Bonjou manman bonjou papa    Tonnè krazem sa son doulè Se tande mtande mpa gen kilti Men se konnen yo pa konnen sa pou yo di Bon tanbou kap frape Konpa direk kap woule Soup joumou sou dife Tim tim bwa chech kap tire Bonjou marenn bonjou parenn Tonnè krazem sa se yon rèv   Se tande mtande mpa gen peyi Men se konnen yo pa konnen kotem soti Ti kriket kap chante Lawouze kap tonbe Kafe cho kap koule Machann pen kap pase Bonjou kòmè bonjou konpè Tonnè krazem se sak bonè Jose Winnie Gaspard